Kisa Lwa Notifikasyon Estabilite Lojman an ye Ekzanp Kondisyon

Kisa Lwa Notifikasyon Estabilite Lojman an ye. Lwa Notifikasyon Estabilite Lojman (Housing Stability Notification Act, HSNA) an se yon Òdonans Vil Boston adopte ann Oktòb 2020 ki egzije pou nenpòt pwopriyetè k ap planifye pou mete fen nan yon kontra lokasyon dwe bay lokatè a yon Avi Dwa ak Resous Lokatè a. HSNA an egzije pou pou pwopriyetè yo bay Avi konsènan Dwa ak Resous Lokatè yo bay lokatè yo lè pwopriyetè yo kòmanse pwosesis degèpisman an oubyen lè pwopriyetè a deside pou li pa ofri lokatè a yon renouvèlman kontra lokasyon an. Yo dwe remèt Avi konsènan Dwa ak Resous Lokatè a anmenmtan ak Avi Degèpisman an. Yo dwe remèt Avi Dwa ak Resous Lokatè a bay nenpòt lokatè yo mande pou li degèpi sou pwopriyete a. Pe egzanp, si yon moun ap achte yon pwopriyete yo te mete poze-sele sou li (fòklizyon), oubyen nan men yon bank oswa yon pretè ipotekè, yo fèt pou bay Avi sa a bay ansyen pwopriyetè pwopriyete a, oubyen nenpòt lokatè ki abite sou pwopriyete a. HSNA mande tou pou pworpiyetè yo ak pwopriyetè k ap benefisye fòklizyon an voye yon kopi Avi pou Degèpi a oswa Avi Non-Renouvèlman Kontra Lokasyon an, ansanm ak yon Sètifika Konfòmite/Sèvis, bay Biwo Estabilite Lojman Vil Boston an nan adrès ki make anba la a: City of BostonDepartment of Neighborhood Development Landlord Notices, Office of Housing Stability 26 Court Street, 9th FloorBoston, MA 02108
Kisa Lwa Notifikasyon Estabilite Lojman an ye. Lwa Notifikasyon Estabilite Lojman (Housing Stability Notification Act) an se yon òdonans Vil Boston te adopte ann oktòb 2020 epi ki te amande nan mwa dawout 2021. Lwa a mande tout pwopriyetè kay k ap prevwa pou mete fen nan yon kontra lokasyon, pou yo bay lokatè a yon Notifikasyon Dwa ak Resous Lokatè to. Lwa a egzije tou pou pwopriyetè kay yo ak pwopriyetè ki pare pou sezi yon kay pou yo voye anmenmtan bay Biwo Estabilite Lojman Vil Boston an yon kopi: • Notifikasyon pou Sispann oswa Avi Non-Renouvèlman Kontra Lwaye a epi • yon Sètifika Konfòmite/Sèvis (pa obligatwa). Ou oblije soumèt enfòmasyon sa yo nan pòtay sou Entènèt nou an. Si ou gen difikilte pou sèvi ak pòtay sa a, tanpri voye yon imèl bay katie.forde@boston.gov.