Kisaòdonans sa a mande mwen fè Ekzanp Kondisyon

Kisaòdonans sa a mande mwen fè. Sizoka pwopriyetè kay ou remèt ou yon Avi pou Degèpi oswa yon Avi Non-renouvèlman oswa Ekspirasyon Kontra Lokasyon an, ou ta dwe resevwa tou Avi konsènan Dwa ak Resous Lokatè yo anmenmtan. Avi Dwa ak Resous Lokatè yo ral esplike dwa w yo pandna yon degèpisman epi ba w enfòmasyon osijè ajans ki gendwa ede w pandan pwosesis degèpisman epi/oswa ede w chèche yon nouvo lojman. Pa ezite kontakte Biwo Estabilite Lojman (Office of Housing Stability) an nan 617-635-4200 oswa housingstability@boston.gov si w gen nenpòt kesyon oubyen preyokipasyon. Pwopriyetè w oblijje ba w yon kopi Avi Degèpisman an oswa Avi Non-reouvèlman an bay Biwo Estabilite Lojman an. Vil Boston an p ap pataje enfòmasyon pèsonèl ou yo epi yo pa kapab fè demann dosye piblik pou jwenn enfòmasyon sa yo.
Kisaòdonans sa a mande mwen fè. Lè yon pwopriyetè oswa pwopriyetè k ap fè fòklizyon remèt yon lokatèoswa yon ansye pwopriyetèyon Avi Degèpisman oubyen yon avi non-renouvèlman kontra lokasyon, yo dwe founi anmenmtan yon Avi konsènan Dwa ak Resous Lokatè yo.Avi konsènan Dwa ak Resous Lokatè yo ansanm ak Sètifika Konfòmite/Sèvis la kapab telechaje nan boston.gov/landlord-notification, oubyen vin chèche yon kopi papye lendi ak mèkredi nan resepsyon adrès sa a: City of BostonDepartment of Neighborhood Development Landlord Notices, Office of Housing Stability 26 Court Street, 1st FloorBoston, MA 02108 Avi konsènan Dwa ak Resous Lokatè yo disponib ann Anglè, Panyòl, Chinwa, Vyetnamyen, Kreyòl Ayisyen, Kap Vè, Pòtigè, Somali, Arab, Fransè ak Ris. Pwopriyetè a oswa pwopriyetè k ap fè fòklizyon an dwe prezante Avi konsènan Dwa ak Resous Lokatè yo nan lang Lokatè yo pito. Si yon pwopriyetè chwazi pou pa renouvle kontra lokasyon an oubyen li kite kontra lokasyon an fini, li dwe remèt Avi konsènan Dwa ak Resous yo omwens 30 jou alavans anvan li derape nenpòt aksyon degèpisman devan yon tribinal. Yo dwe voye Avi konsènan Dwa ak Resous Lokatè yo nan kourye lapòs oubyen ak kourye sètifye. Nenpòt Avi Degèpisman oswa Avi Non-renouvèlman oswa Ekspirasyon Kontra Lokasyon yo voye bay yon lokatèoubyen yon ansyen pwopriyetè dwe kopye tou epi, ansanm ak yon Sètifika Konfòmite/Sèvis, yo dwe voye yo toulede ansanm bay Biwo Estabilite Lojman Vil Boston an nan: City of BostonDepartment of Neighborhood Development Landlord Notices, Office of Housing Stability 26 Court Street, 9th FloorBoston, MA 02108 Yo kapab remèt fas-a-fas kopi Avi Degèpisman an oswa Non-renouvèlman sa a nan 26 Court Street, 1st floor, lendi ak mèkredi.