Poukisa yo te adopte nouvoÒdonans sa a Ekzanp Kondisyon

Poukisa yo te adopte nouvoÒdonans sa a. Yo te adopte Òdonans la pou asire ke lokatè yo ak ansyen pwopriyetè yo konprann dwa yo lè yo mete fen nan lokasyon oswa okipasyon rezidansyèl yo, epi ke yo konnen ajans ki gendwa ede yo. Nan anpil ka, ajans yo kapab ede jwenn finansman pou peye aryere nan peman lwaye oubyen pou bay sèvis ki nesesè pou evite degèpisman. Lè li pa posib pou rezoud pwoblèm degèpisman anvan pou ale devan yon Tribinal, HSNA pral bay lokatè/ansyen pwopriyetè yo yon pibon opòtinite pou jwenn konsèy epi/oswa yon avoka.