Kijan mwen pote yon plent devan OFCCP Ekzanp Kondisyon

Kijan mwen pote yon plent devan OFCCP. Ou kapab pote yon plent diskriminasyon lè ou:• Ranpli ak soumèt yon fòmilè nan entènèt lan atravè sitwèb OFCCP a; oswa• Ranpli yon fòmilè anpèsonn nan biwo OFCCP a; oswa• Lè ou ranpli ak voye yon fòmilè konplè pa lapòs, nan imèl, oswa nan faks bay biwo rejyonal OFCCP a kote diskriminasyon swadizan an te rive. Fòmilè a disponib nan entènèt nan sitwèb https:// www.dol.gov/ofccp/regs/compliance/pdf/pdfstart. htm ak nan fòma papye nan tout biwo OFCCP yo.Pou jwenn biwo a ki pi prè ou, ale nan anyè nan entènèt lan pou biwo OFCCP yo: www.dol.gov/ofccp/ contacts/ofnation2.htm. Sonje byen pou siyen fòmilè plent konplè ou. Si ou echwe pou fè sa, OFCCP pral toujou trete plent ou men yon anketè OFCCP pral mande ou pou siyen fòmilèa pandan yon entèvyou swivi. Yo dwe pote plent yo k ap deklare diskriminasyon baze sou sitiyasyon veteran pwoteje nan lespas 300 jou yo depi datdiskriminasyon swadizan an, amwenske yo pwolonje peryòd la pou pote plent la poutèt rezon valab.Epitou ou kapab pote yon plent devan Sèvis Anplwaman ak Fòmasyon Veteran yo (Veterans’ Employment and Training Service) nan Depatman Travay la oswa yon Reprezantan Anplwaman Veteran Lokal yo nan biwo sèvis anplwaman lokal la oswa Sant Travay Ameriken an. Yo pral transfere plent sa yo bay OFCCP.